Louvri kè ou a yon
timoun/jèn ki nan swen adoptif

Si w ap viv nan Rockland County epi ou
ouvè a adopte pèmanan ou byen tanporè

Adopt_thumb1

Premye etap la se apwouve kòm yon paran adoptif lan Rockland. Ou pral travay dirèkteman ak Rockland County.

Yon fwa ou apwouve, se le sa ou ka komanser bay swen, objektif pou adopsyon ap toujou konsidere pandan tout pwosesis la.

Pandan ke objektif prinsipal la se reyinifikasyon ak paran nesans yo, pafwa sa pa toujou rive. Timoun/jèn yo Lè sa a, swa adopte pa paran kap pran swen li ya, oswa yo mete ti moun nan kay yon fanmi ki apwopriye. Adopsyon fin finalize nan Tribinal Fanmi an. Sèvis aprè -Adopsyon yo enpòtan anpil pou fanmi adoptif yo. Ou ka jwenn resous ak enfòmasyon sou sèvis aprè adopsyon yo sou sit entènèt Biwo Eta New York pou Sèvis Timoun ak Fanmi yo: OCFS

Mari mwen ak mwen te paran adoptif ak Depatman Sèvis Sosyal Rockland County pou sèt ane. Pandan sèt ane yo, nou te adopte twa timoun, 2 ti fi ki gen laj (7,8) yon ti gason ki gen laj (3). Pandan tout tan nou ap travay avèk Rockland DSS, nou te gen bon eksperyans, sipò ak ankourajman. Li te totalman yon patenarya ant fanmi nou ak Rockland DSS. Chak fwa nou jwenn tèt nou ak yon bezwen, kèlkeswa le nan jou an oswa lannwit, nou ka toujou konte sou anplwaye nan Rockland DSS ba nou asistans ak, resous oswa dè fwa jis yon zòrèy pou koute. Vin yon paran adoptif ak Depatman Sèvis Sosyal nan Rockland County se te youn nan pi bon desizyon nou te pran.

– Adoptif Paran

Aprann plis bagay sou adopte yon timoun nan swen adoptif

    Non *

    Imel *

    Telefòn

    Kòd postal

    Lang prefere

    Mwen enterese nan

    Swen adoptifAdopsyonBaylot

    Mesaj